Haitian Creole Bible

Numbers 9

Numbers

Return to Index

Chapter 10

1

 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 

2

 -Fè yo fè de twonpèt an ajan pou ou. Y'a pran yon gwo moso ajan, y'a bat l' ak mato pou fè chak twonpèt yo. W'a sèvi ak yo pou avèti moun yo lè pou yo reyini ak lè lè a rive pou yo leve pati. 

3

 Depi yo kònen twonpèt yo ansanm, se pou tout moun kouri reyini bò kote ou devan pòt Tant Randevou a. 

4

 Si se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou. 

5

 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon premye fwa ansanm ak bri moun k'ap rele, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò solèy leve a leve pati. 

6

 Lè y'a tande twonpèt yo kònen yon dezyèm fwa ansanm ak bri moun k'ap rele yo, se va siyal pou branch fanmi ki rete bò sid la leve pati. 

7

 Men lè y'ap reyini tout moun yo, y'a kònen twonpèt yo sèlman, san pesonn pa bezwen rele. 

8

 Se prèt yo, pitit gason Arawon yo, ki pou kònen twonpèt yo. Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan, de pitit an pitit. 

9

 Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo. 

10

 Konsa tou, lè kè nou kontan, lè n'ap fete fèt yo, lè premye jou chak mwa rive avèk lalin nouvèl lan, n'a kònen twonpèt yo tou pandan n'ap fè ofrann pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lè sa a m'a vin ede nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. 

11

 ¶ Ventyèm jou, dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi pèp la te soti kite peyi Lejip, nwaj la rete, li leve anwo Tant Randevou a. 

12

 Epi moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati, chak fanmi nan pozisyon yo te ba yo a. Yo kite dezè Sinayi a. Apre yon tan, nwaj la rete nan dezè Paran an. 

13

 Se konsa yo konmanse vwayaje ankò sou kòmandman Seyè a, jan li te di Moyiz di yo sa pou l' a. 

14

 Premye moun ki pati se moun k'ap mache dèyè lˆbanyè fanmi Jida a, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Jida yo, se te Nakchon, pitit gason Aminadab la. 

15

 Se Netanèl, pitit gason Swa a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Isaka a. 

16

 Epi se Eliyab, pitit gason Elon an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Zabilon an. 

17

 Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati. 

18

 Apre yo, moun k'ap mache dèyè lˆbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a. 

19

 Se Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Simeyon an. 

20

 Epi se Elyasaf, pitit gason Dewèl la, ki te alatèt branch fanmi Gad la. 

21

 Apre yo, se te moun Keyat yo ki reskonsab pou pote tout bagay ki apa nèt pou Bondye yo. Tan pou yo rive kote yo pral rete a, tant lan va gen tan moute ankò ap tann yo. 

22

 Apre yo, moun k'ap mache dèyè lˆbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache. 

23

 Se Gamaliyèl, pitit gason Pedachou a, ki te alatèt divizyon branch fanmi Manase a. 

24

 Epi se Abidan, pitit gason Gideyoni an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Benjamen an. 

25

 Apre yo, moun k'ap mache dèyè lˆbanyè fanmi Dann lan vini, chak divizyon apa. Se yo k'ap pwoteje tout pèp la pa dèyè nèt. Alatèt divizyon branch fanmi Dann lan se Ayezè, pitit gason Amichadayi a, ki t'ap mache. 

26

 Se Pagiyèl, pitit gason Okran an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Asè a. 

27

 Epi se Ayira, pitit gason Enan an, ki te alatèt divizyon branch fanmi Neftali a. 

28

 Men nan ki lòd moun pèp Izrayèl yo t'ap mache, chak divizyon nan pozisyon yo, lè yo leve pou yo pati. 

29

 ¶ Moyiz rele bòfrè l' a, Obab, pitit gason Ragèl, moun peyi Madyan an, li di l' konsa: -Nou pral pati la a pou n' ale nan peyi Seyè a te di l'ap ban nou an. Seyè a te pwomèt li t'ap fè anpil byen pou nou. Vini avèk nou non! N'a pataje tout byen nou yo avè ou. 

30

 Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'. 

31

 Moyiz di l' konsa: -Tanpri, pa kite nou pou kont nou. Se ou ki konnen dènye kote nou ka moute tant nou yo nan dezè a. W'a sèvi nou gid. 

32

 Si ou vini ak nou, w'a gen pa ou nan tout byen Seyè a ap ban nou. 

33

 Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo. 

34

 Chak fwa y'ap kite yon kote pou yo ale yon lòt kote, nwaj Seyè a te rete anlè tèt yo nan syèl la tout lajounen. 

35

 Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: -Leve non, Seyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt! 

36

 Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di: -Tounen non, Seyè! Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo! 

Numbers 11

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: