Haitian Creole Bible

Judges 19

Judges

Return to Index

Chapter 20

1

 ¶ Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa. 

2

 Tout chèf fanmi yo ansanm ak tout lòt chèf pèp Izrayèl la te sanble la devan Seyè a. Te gen katsanmil (400.000) sòlda apye antou. 

3

 Moun Benjamen yo vin konnen rès pèp Izrayèl la te moute lavil Mispa. Moun Izrayèl yo mande: -Manyè di nou ki jan bagay lèd sa a fè rive. 

4

 Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit. 

5

 Mesye lavil Gibeya yo te soti pou vin pran m' nan mitan lannwit lan, yo sènen kay kote m' te ye a. Yo te vle touye m'. Yo fè kadejak sou fanm kay mwen an, epi li mouri. 

6

 Mwen pran kadav la, mwen koupe l' an moso, epi mwen voye moso yo toupatou nan peyi Izrayèl la, paske moun Benjamen yo te fè yon vye bagay derespektan, yon move bagay nan mitan pèp Izrayèl la. 

7

 Nou tout isit la se moun pèp Izrayèl la nou ye. Sa nou di nan sa? Sa nou pral fè? 

8

 Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò. 

9

 Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo. 

10

 Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la. 

11

 Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo. 

12

 ¶ Lòt branch fanmi pèp Izrayèl yo te voye mesaje nan tout peyi moun Benjamen yo pou di yo: -Ki vye krim sa a nou tande ki fèt konsa lakay nou? 

13

 Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a. 

14

 Yo soti toupatou nan tout lavil Benjamen yo, yo sanble lavil Gibeya pou y' al goumen ak rès pèp Izrayèl la. 

15

 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (26.000) sòlda antou ki te soti nan tout lavil yo, san konte sètsan (700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi. 

16

 Pami tout sòlda sa yo te gen sètsan (700) ladan yo ki te bon anpil nan fè lagè. Yo tout te sèvi ak men gòch yo. Yo tout te ka vize yon cheve ak yon wòch, san yo pa janm manke l' yon fwa. 

17

 Moun pèp Izrayèl yo menm, san konte branch fanmi Benjamen an, te gen katsanmil (400.000) gason ki te konn goumen. 

18

 ¶ Moun pèp Izrayèl yo leve, y' ale lavil Betèl, y' al mande Seyè a sa pou yo fè. Yo mande l': -Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Seyè a di yo: -Se branch fanmi Jida a. 

19

 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y' al pran pozisyon bò lavil Gibeya. 

20

 Lèfini, yo pati pou y' al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya. 

21

 Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la. 

22

 Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y' al goumen. 

23

 Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y' al kriye nan pye Seyè a jouk aswè, epi yo mande Seyè a sa pou yo fè. Yo di l': -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Seyè a reponn yo: -Wi. Nou mèt ale. 

24

 Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa. 

25

 Men, moun Benjamen yo soti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la. 

26

 ¶ Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Seyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Seyè a, yo fè ofrann pou mande Seyè a padon. 

27

 Lèfini, yo mande Seyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl. 

28

 Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou. 

29

 Moun Izrayèl yo mete kèk sòlda kache toupatou bò lavil Gibeya a. 

30

 Apre sa, sou twazyèm jou a, yo moute al goumen ak lame moun Benjamen yo. Yo pran pozisyon ankò devan lavil Gibeya a jan yo te fè l' anvan an. 

31

 Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn. 

32

 Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo. 

33

 Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a. 

34

 Dimil (10.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo. 

35

 Seyè a fè pèp Izrayèl la bat lame moun Benjamen yo byen bat jou sa a. Lame pèp Izrayèl la te desann vennsenkmil san (25.100) sòlda nan moun Benjamen yo. 

36

 Se lè sa a, moun Benjamen yo vin wè yo t'ap pèdi batay la vre. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap fè bak devan moun Benjamen yo paske yo t'ap konte sou mesye ki te anbiske kò yo bò lavil Gibeya a. 

37

 Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'. 

38

 Moun Izrayèl yo te gen dizon ak mesye ki te kache yo pou yo te bay yon siyal ak lafimen. Lè yo wè gwo nwaj lafimen an ap moute soti nan lavil la, 

39

 moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an. 

40

 Lamenm siyal la parèt. Nwaj lafimen an konmanse moute soti nan lavil la. Moun Benjamen yo vire gade dèyè, yo sezi wè dife te pete toupatou nan lavil la. 

41

 Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo. 

42

 Yo pran kouri pou moun Izrayèl yo, yo pran wout dezè a pou yo. Men, li te twò ta, yo pa t' ka chape ankò. Yo pran nan mitan de kan, lame moun Izrayèl la yon bò ak sòlda ki t'ap soti lavil la lòt bò. Yo tout mouri. 

43

 Moun Izrayèl yo kouri dèyè yo san rete, yo touye yo yonn apre lòt jouk yo rive yon kote anfas Gibeya bò solèy leve. 

44

 Yo touye dizwitmil (18.000) moun nan pi bon sòlda moun Benjamen yo. 

45

 Lòt yo menm kouri ale nan dezè a bò wòch Rimon an. Yo touye senkmil (5.000) ladan yo sou wout yo. Yo kouri dèyè rès la jouk Gideyon. Yo touye demil (2.000) ladan yo. 

46

 Jou sa a, yo te touye vennsenkmil (25.000) moun antou nan branch fanmi Benjamen an. Epi tout te bon sòlda ki te konn goumen. 

47

 Men, gen sisan (600) nan moun ki te kouri al nan dezè a, bò Wòch Rimon an, ki rete kache pandan kat mwa. 

48

 Moun Izrayèl yo menm tounen dèyè lòt moun Benjamen yo. Yo touye depi se gason, bèt ak tout lòt moun ki te nan lavil yo. Yo mete dife nan tout lavil yo jwenn sou wout yo. 

Judges 21

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: