Haitian Creole Bible

2 Chronicles 23

2 Chronicles

Return to Index

Chapter 24

1

 ¶ Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 

2

 Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t' ankò mouri. 

3

 Jeojada te marye wa a ak de madanm ki ba li pitit gason ak pitit fi. 

4

 Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l' repare Tanp Seyè a. 

5

 Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese. 

6

 Lè sa a, wa a fè rele Jeojada, granprèt la, li di l' konsa: -Poukisa ou pa rele dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo lajan Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tanp Randevou a? 

7

 Atali ki te yon fanm vèmen ansanm ak moun pa l' yo te antre fè dega nan Tanp Seyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo. 

8

 Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò. 

9

 Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a. 

10

 Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l' nan bwat la jouk li rive plen. 

11

 Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan. 

12

 Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou. 

13

 Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l' jan l' te ye anvan an, yo fè l' byen solid. 

14

 Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la. 

15

 ¶ Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri. 

16

 Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a. 

17

 Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo. 

18

 Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. 

19

 Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo. 

20

 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! 

21

 Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a. 

22

 Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l' pini ou pou sa! 

23

 Menm lanne sa a, lè sezon prentan rive, lame peyi Siri a atake wa Joas, yo anvayi peyi Jida ak lavil Jerizalèm. Yo touye tout chèf yo, yo piye peyi a, yo voye tou sa yo te pran bay wa lavil Damas la. 

24

 Lame peyi Siri a pa t' anpil, men Seyè a te kite l' kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l' te fè a. 

25

 Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t'ap sèvi avè l' yo fè konplo sou do l' pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo. 

26

 Men non chèf ki te fè konplo a: se te Zabad, pitit gason Chimeya, yon fanm peyi Amon ak Jeozabad, pitit Chimrit, yon fanm peyi Moab. 

27

 Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n'a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesaj pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a. Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li. 

2 Chronicles 25

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: