Haitian Creole Bible

Job 32

Job

Return to Index

Chapter 33

1

 ¶ Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m'ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m'. 

2

 M' pare pou m' di dènye sa ki vin nan bouch mwen. 

3

 M' pral di tou sa ki nan kè m'. Se verite a tou senp mwen pral pale. 

4

 Se lespri Bondye a ki fè m'. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m' lavi. 

5

 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'. 

6

 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou. 

7

 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen! 

8

 ¶ Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di: 

9

 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen. 

10

 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'. 

11

 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè. 

12

 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun. 

13

 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'? 

14

 ¶ Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di. 

15

 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon. 

16

 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo. 

17

 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. 

18

 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 

19

 ¶ Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo. 

20

 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou. 

21

 Y'ap depafini, tout moun wè jan y'ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen. 

22

 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y' ale nan peyi san chapo a pa anyen. 

23

 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l', yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo. 

24

 Zanj lan va gen pitye pou li. L'a di Bondye: -Tanpri, pa kite l' mouri. M'ap peye pou sove lavi li. 

25

 Kò li va refè, l'a vin fre tankou lè l' te jenn. 

26

 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l' devan tout moun. 

27

 L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a. 

28

 Li egzante m' lanmò. Li ban m' lavi ankò. 

29

 ¶ Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm, 

30

 pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan. 

31

 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m'ap di! Pe bouch ou la! Kite m' fin pale! 

32

 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon. 

33

 Osinon, pe bouch ou, koute m' pito! Kite m' moutre ou sa ki rele gen bon konprann. 

Job 34

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: