Haitian Creole Bible

Psalms 144

Psalms

Return to Index

Chapter 145

1

 ¶ Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. 

2

 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 

3

 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! 

4

 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. 

5

 M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. 

6

 Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. 

7

 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri. 

8

 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! 

9

 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. 

10

 ¶ Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! 

11

 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, 

12

 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. 

13

 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. 

14

 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. 

15

 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. 

16

 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. 

17

 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. 

18

 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. 

19

 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. 

20

 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. 

21

 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan. 

Psalms 146

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: