Haitian Creole Bible

Proverbs 13

Proverbs

Return to Index

Chapter 14

1

 ¶ Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li. 

2

 ¶ Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. 

3

 ¶ Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. 

4

 ¶ Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. 

5

 ¶ Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. 

6

 ¶ Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. 

7

 ¶ Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen. 

8

 ¶ Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe. 

9

 ¶ Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo. 

10

 ¶ Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou. 

11

 ¶ Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. 

12

 ¶ Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò. 

13

 ¶ Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. 

14

 ¶ Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li. 

15

 ¶ Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'. 

16

 ¶ Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. 

17

 ¶ Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz. 

18

 ¶ Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans. 

19

 ¶ Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo. 

20

 ¶ Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. 

21

 ¶ Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! 

22

 ¶ Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou. 

23

 ¶ Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. 

24

 ¶ Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt. 

25

 ¶ Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo. 

26

 ¶ Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye. 

27

 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje. 

28

 ¶ Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen. 

29

 ¶ Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt. 

30

 ¶ Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 

31

 ¶ Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. 

32

 ¶ Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje. 

33

 ¶ Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen. 

34

 ¶ Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon. 

35

 ¶ Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal. 

Proverbs 15

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: